Kisa rasis ye?

Kisa Rasis la ye
Kisa rasis ye ?
Depi nan antikite, toujou genyen yon ansanm pratik ki gen
tandans a klase moun yo selon ras yo. Jan klasman sa yo konn mennen a yon seri
zak ki kont nati moun, sou baz anpil moun panse yo siperyè epi gen lòt ki
enferyè. Klasman sa yo konn fèt konsyan oubyen enkonsyan. Jounen jodi a se youn
nan pi gwo doulè mond lan ap fè fas. Sa ki ensite COMI kesyone sa.
Nou ka gade rasis la sou 3 dimansyon.
1: Sou plan rasyal, nou ka wè rasis la kòm yon konviksyon
yon moun genyen kote l panse li ka klase MOUN sou baz ras pandan l baze sou
karakteristik fizik (fòm tèt, koulè po, wkoulè cheve ak koulè je) moun sa yo.
Sa ki ka voye n egzateman nan kategorizasyon ras ki fèt nan mond lan kote yo di
n gen ras wouj, ras nwa, ras blach elatriye….
2 : Sou plan politik, nou ka di rassis la se yon kouran ki
vize epi rekòmande yon dominzsyon de yon gwoup moun ki panse yo siperyè epi pi
nan tèt yo sou yon lòt gwoup yo twouve ki enferyè epi enpi nan je yo. Sa ki ka
voye n dwat nan ventyèm syèk la pi presizeman nan Almay ak yon dirijan ki te
pran pouvwa nan dat 4 mas 1933 ki te rele Adòlf Itlè.
3 : Nan Dwa, yo wè rasis kòm yon konpòtman mepri yon moun
oubyen yon gwoup moun genyen kont yon lòt moun oubyen yon lòt gwoup moun li
panse ki enferyè pase l a koz ras li, koulè po l oubyen wotè l. Sa ki voye n
dwat kote n ye jodi a la, sa k ap pase an Frans, Etazini, sou tèren foutbòl yo.
Kote yon gwoup moun ki swadizan klase nan kategori yo rele blan yo pran koulè
po lòt moun kòm jouman pou ensilte yo.
Pou nou ale pi lwen, nou ka di rasis la se yon santiman
feblès yon moun genyen, li itilize l kòm zam chak fwa l enpisan nan yon
konfwontasyon ak yon lòt moun. Pou l dekonsantre advèsè a, li rale zam
destwiktiv sa ki se rasis la pou l aji.
Nan yon liv sosyològ Albèt Ledwayen ekri nan lane 1998 ki
rele « Le Racisme des définitions aux solutions : un même
paradoxe », li eseye montre batay ki genyen kont rasis la (pawòl
diskriminan, prejije elt….) kòmanse a pati de fen dezyèm gè mondyal la, pi
presizeman an 1948 aprè deklarasyon inivèsèl dwa moun lan. Peyi oksidantal yo k
te sitou Peyi oksidantal yo ki te sitou yon seri demokrasi epi ki te venkè nan
gè a tou, te angaje yo anvè kominote entènasyonal la pou konbat rasis ak
diskriminasyon rasyal.
« UNHCR » limenm nan yon tèks yo te pibliye nan
lane 2021, eseye relate kèk konsèp fondamantal ki ka ede n konbat rasis nan
mond lan. Pami yo atik premye nan deklarasyon inivèsèl dwa moun lan figire nan
tèt lis ki se « prensip egalite ak non diskriminasyon » yon atik ki
di « tout moun fèt lib epi egal nan diykye ak nan dwa » sa ki vle di
pa gen okenn kote sou latè gen moun ki pi enpòtan pase moun, gen moun ki gen
plis dwa pase moun.
Nan yon tèks « CANOPÉ » pibliye ki rele
« Éduquer contre le racisme et l’antisémitisme » li eseye adapte yon
definisyon a konsèp rasis la nou deja defini pi wo a. Li di konsa « rasis
la se yon konpòtman vyolan ni soti nan mepri pou jouk rive nan rayiman kont yon
moun oubyen yon gwoup moun sou baz idantite rasyal oubyen etnik yo ». Yon
definisyon ki rezime tout jan nou te eseye wè rasis la pi wo nan tèks la.
Li montre tou nan menm tèks sa orijin mo rasis la. Sa li di
ki parèt nan peyi Lafrans ak Angletè nan lane 1902.
Nan lane 1920, mo rasis la pral gen yon anplwa kouran nan
peyi Almay pou deziye aktivite ekstrèm dwat yo.
Nan deklarasyon inivèsèl dwa moun lan, gen mezi jiridik ki
prevwa pou sanksyone moun ki ap lanse diskou diskriminatwa ak prejije kont
moun.
Si gen tout mezi sa yo ki pran nan pi wo enstans yo, si peyi
ki se gran sivilizasyon aktyèlman yo rann yo kont yo dwe goulen kont rasis la,
nou pa bezwen mete okenn moun chita pou nou eksplike yo rasis la se yon pratik
ki kont nati moun epi tou se yon krim kont moun.
Nan sans sa a, aprè tout tèks nou li sou kesyon an, nou ka
di rasis la pa gen plas li nan mond lan paske se yon krim. Tout moun ki komèt
krim sa sipoze jije epi kondane pou sibi pèn ki rezève.
COMI enskri nan yon demach enklizyon, yon mond san
diskriminasyon epi tout moun egal epi gen menm dwa, jan sa mansyone nan deklarasyon
inivèsèl dwa moun lan.
John-Abdorinel TEBAUD donalecalin1994@gmail.com +50949422701

